THE GALLERIES

Gallery1

Gallery2

Gallery 3

Gallery 4

Gallery 5

Gallery 6

Gallery 8


ALSO…
750 names are now entered in our LIST OF VICTIMS section in alpha betical order.Click here

 
Fort-Dimanche, Dungeon of death came back.
 
 
Li pran Ekzil sou Baby Doc an1977. Kounye-a lap viv Nouyòk. Fò- Dimanch pou mounn ki pa konnen se rantre pa soti. Mounn ki soti se mirak letennèl. Sé yon depo kote prizonye sou tan Divalye al tann lanmò.

Se swa yo fizye-w osnon yo touye-w atife. Nan pwen espwa soti. Chak jou, chak swa Bawon Sanmdi fè pwovizyon pou simityè dèyè kay. Ti selil yo tou piti, sal, plen karang, santi di, santi chwan… Gal ak Glòb malenng estampe kò tout prizonye. Youn ti selil ki ka pran 7 mounn pafwa l’oblije kenbe 25 a 30 prizonye toutouni youn anpoul 100 sou fontenn tèt yo. ‘’Kin’’ nan, se youn bokit, youn potchanm prizonye you fè bezwen yo, yon laboulin san rete…

E si pa gen papye pou ekri lendyasyon se sèten pa gen papye pou siye restan vanmennen… yon kin potchanm k’ ap de
gaje yon jivennchi souspyant. Prizonye yo dòmi atoudewòl. Nan maten you sèvi yo 2 ti pen bòbòt ak kafe pise krab, gou ravèt nan youn gode aliminyòm kòlboso. Youn repa mayi moulen dlololo san grès, san vyann…

Aswè si you sonje, you lage you ti pousyè filangèt diri plat kon platin kasav. Chak fwa mwen di Fò Dimanch se retounnen mwen retounen ak Patrick anndan fò malediksyon sa-a ki demaske vizaj makab Ayisyen lè yo chef, lè yo gen pouvwa…

Anndan Fò Dimanch sou Divalye, Ayisyen-chèf trete Ayisyen pi rèd pase zannimo..

Fort Dimanche Dungeon of Death, ak Patrick Lemoine vèsyon angle anwant nan Libreri Mapou, 5919 NE 2nd Ave Miami Florida 33137 - Tel 305-757-9922. Website:www.librerimapou.com

Copyright © 2002 Fordi9.com. All rights reserved.